Nan okazyon Jounen Mondyal Tansyon Wo a, 17 me, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), atravè Inite Kowòdinasyon Maladi Non-Transmisib ak Twomatism (UCMNTT), tire sonnèt alam sou pwopagasyon tansyon wo an Ayiti. Otorite sanitè yo avèti maladi sa a, ki souvan devlope san sentòm, rete youn nan pi gwo koz aksidan vaskilè ak serebral, kriz kadyak, paralizi ak lanmò sibit. MSPP mete aksan sou move abitid alimantè, twòp sèl, alkòl, estrès ak mank aktivite fizik kòm prensipal faktè ki lakòz maladi a, pandan li mande popilasyon an adopte yon pi bon konpòtman pou pwoteje lavi yo.
Tansyon wo kontinye ap fè anpil viktim san anpil moun pa menm rann yo kont yo malad. Daprè MSPP, maladi a ka pase plizyè ane ap devlope an silans pandan li ap detwi veso sangen yo ak ògàn vital yo tankou kè, sèvo ak ren.
Espesyalis yo fè konnen anpil moun sèlman dekouvri yo gen tansyon lè yo deja fè yon kriz grav tankou AVC oswa kriz kadyak.
Otorite sante yo lonje dwèt sou plizyè faktè ki kapab favorize tansyon wo nan lavi chak jou popilasyon an. Pami yo :
– Konsomasyon twòp sèl ak manje gra
– Alkòl ak sigarèt
– Estrès ak presyon lavi chak jou
– Mank egzèsis fizik
– Obezite (moun ki twò gwo) ak move alimantasyon
– Faktè eredite
MSPP fè konnen konbinezon move abitid sa yo ogmante risk pou moun devlope maladi kadyovaskilè grav.
San kontwòl, tansyon wo kapab lakòz : AVC (kriz sèvo), kriz kadyak, paralizi, pwoblèm ren, pwoblèm memwa ak lanmò sibit.
Doktè yo ensiste sou nesesite pou moun yo fè tès tansyon regilyèman paske prevansyon rete pi bon zam kont maladi a.
Atravè tèm : “Ann mete fòs ansanm pou sante n ak avni n”, MSPP ankouraje popilasyon an : Manje plis fwi ak legim, diminye sèl ak grès, bwè plis dlo, fè aktivite fizik regilyèman epi kontwole tansyon souvan
Ministè a kwè batay kont tansyon wo mande efò kolektif kote fanmi, kominote ak enstitisyon yo dwe patisipe pou ede diminye kantite viktim maladi sa an Ayiti.

