Henry Kissinger, géant de la diplomatie américaine, est mort
Anpil fwa apre yon relasyon seksyèl, si gason an pa rive voye, li toujou konn gen tandans di patnè l la, li gen doulè anba vant li, li gen tèt fè mal oswa 2 boul grenn li yo fè l mal. Ki verite ki gen nan apwòch sa ? Kote kwayans sa soti ? Platfòm enfòmasyon anliy Ted’Actu te gon ti bat bouch ak kèk espesyalis nan domèn sante fizik ak mantal nan lide pou pote plis limyè sou sa.
Lè yon gason ak yon fanm deside fè bagay, objektif final la se rive non sèlman pase yon bon moman ansanm men tou pou rive fè youn lòt « voye ». Nan moman aksyon an, pou gason an penetre fanm nan, sa mande pou li bande.
Fenomèn « bande » a dapre sekretè jeneral Brigad entèvansyon medikal, doktè Berlindy René, ekzije prezans anpil san nan pati koulout la ki rele « corps caverneux » a, depi sistèm nève ak sangen an ap byen fonksyone, koulout la ap kanpe djanm.
Nan sa ki gen pou wè ak doulè gason an konn di li resanti lè l pa rive voye a, dokè René esplike sa ka rive posib nan plizyè ka. Akoz eksitasyon ki prezan nan moman gason an ap bande a epi prezans san an nan koulout la nan moman sa, fizyolojikman se nòmal pou gason an santi kèk doulè si l pa rive voye. Doulè sa kapab mache pou rive anba ti vant gason an.
Doktè René pale tou de ka kote gason an soufri de kèk maladi tankou yon enfeksyon irinè, pwostatit, oubyen varikosèl.
Kisa Sikològ yo di nan sa ?
Fè bagay dapre medsen epi psikològ Frandy Jules plis gen pou wè ak mantal yon moun pase fizik li. Pou li, fizyolojikman pa vrèman gen yon esplikasyon pou sa moun yo dekri kòmkwa yo santi doulè si yo fin bande epi yo pa voye .
Swa gason an vle jwe sou sansibilite fi ki anfas li a pou egzjiel kontinye rapò seksyèl la oubyen tou gason an tèlman nouri sa nan panse li, epi sa vin otomatikman sentomatik . Se sa nou rele « Efè Nozebo » a, selon espesyalis la.
Jounalis Gérald Michel ki se anmenmtan etidyan nan sikoloji fè konnen sa plis gen pou l wè ak aspè mantal moun nan menm si li pa pwouve a 100 %. Pafwa yon moun konn panse li malad poutan egzamen medikal yo pwouve li pa gen anyen vre. Gérald Michel pale de yon lòt fenomèn ki rele « Ipokondri ».
Sa vle di pafwa se paske moun nan toujou ap repete yon bagay oubyen paske l antre nan tradisyon l kifè moun nan kwè se laverite.
Nan ka sa, lè nèg la pa voye pandan lap fè bagay la, sa vle di otomatikman l ap santi senti l, vant li, oswa boul grenn li fè l mal.
Nan sans sa, li enpòtan anpil pou w kapab konnen moun w ap fè bagay avèl la pou lè l di w li gen doulè pou w konn si se verite oubyen si se yon fòm manipilasyon.