L’entreprise haïtienne Ayitika remporte la médaille d’argent au Salon mondial du chocolat à Paris
Si pou anpil moun, pi bon mwayen pou pwotejè tèt yo lè gen gwo pousyè, se bouche nen yo, malerezman sitwayen sa yo pa chache konnen nan ki nivo sa ka genyen gwo konsekans sou sante yo sitou sou ògán ki pèmèt yo respire a ki se poumon. Anplis de sa, kapab gen anpil lòt gwo konplikasyon ki gen pou wè ak jan moun yo respire tou.
Pousyè a se yon melanj vye debri bèt ak plant, materyo konstriksyon tankou siman ak sab ki parèt tou piti, epi ki toujou prè pou moute nan lè a chak ti van yo jwenn. Se yon melanj ki danje anpil paske li kapab pèmèt yon pati enpòtan anndan aparèy respiratwa a ki rele mikez nazal ( muqueuse nasale) anfle e menm pwovoke grip ak kèk lòt difikilte ki ka anpeche yon moun byen respire, li kapab tou anfle poumon moun ki respire pousyè a chak jou.
Lè yon moun deside bloke nen l pou evite pousyè, se premyèman yon zak ki kapab nwi sistèm natirèl filtrasyon lè kap soti deyò pou antre anndan poumon yon moun. Dezyèmman, ti kras pousyè, sa ki parèt pi fen yo, gen posiblite pou evite premye baryè pwoteksyon ki mete pou anpeche kò etranje pase a pou antre dwat nan sant respiratwa, sa ka bay gwo doulè, enflamasyon ak gwo dega nan poumon an.
Yon moun ki soufri alèji respiratwa, oubyen kriz las epi ki pran plezi bouche nen pou bare pousyè , ka peye konsekans nan chè anpil paske sentom yo ka vin pi grav. Pami sentom kriz las yo nou ka konte, Souf wo, difikilte pou byen respire, tous ki fò, pwatrin sere, fatig elt… Poutan, sentom kriz respiratwa yo kapab : estène anpil, nen koule larim ki sanble ak dlo, nen pike, je wouj elt…
Li pa toujou bon pou yon moun fè anpil tan bouche nen l, li kapab, yon premye kote, konsève lè anndan pwatrin ki twouve l nan mitan 2 poumon yo, sa ki pa yon bon pratik ditou, yon dezyèm kote, sa kapab leve pandan yon ti tan presyon ateryèl lakay moun ki fè l la, konsekans nan kapab grav tou, paske sa ka pèmèt ògán ki mennen san nan sèvo a koupe, se yon evènman ki pa rive souvan men depil fèt, gen plis chans pou moun nan mouri pase li viv.
Yon lòt kote, anpil syantifik ki travay sou sijè sa rekòmande pou moun pa kenbe souf li lè l ap estène, paske a chak fwa yon moun estène , se kò etranje k ap nwi sistèm respiratwa lap mete deyò. Yo rekòmande tou pou pesonn pa pran plezi koupe plim anndan tou nen yo, sa ka pèmèt ti pousyè antre pi rapid.
Yon moun ki konnen l ap fè fas ak pousyè chak jou (tankou nan travay konstriksyon oswa lòt aktivite), mete yon mask ki fèt pou sa. Mas la ap pèmèt moun nan respire san pousyè pa antre nan nen l.