« Si w pa gen kòb, pa manyen chay mwen! », « Se vòlè w ap vòlè moun ak pri sa yo! » Kalite pawòl sa yo pa etranj nan kèk mache ak espas komèsyal nan peyi d Ayiti. Ant negosyasyon sou pri, presyon ekonomik, fatig ki lye ak kilomèt wout moun nan soti ak fason moun reyaji devan kontraryete, yon senp operasyon achte-vann ka rapidman lakoz yon gwo eskonbrit pete. Daprè travay Ted Actu fè sou fenomèn sa a, nou vin dekouvri dèyè ti diskisyon sa yo gen yon reyalite sosyal ki kache epi ki pi laj sou relasyon ant moun ak moun, estrès ak banalizasyon vyolans vèbal nan espas piblik yo.

Nan yon mache piblik, negosye pri se tankou yon gwo pati nan yon jwèt k ap jwe. Machann nan fikse pri chay li, kliyan an mande « dènye pri », machann nan defann benefis li. Men pafwa, se la pwoblèm nan kòmanse. Kliyan an ka santi machann nan ap tire avantaj sou li, pandan machann nan ka konsidere fason kliyan an ap negosye a kòm yon mank respè pou biznis li a. Yon ti dezakò sou kèk goud anplis oubyen an mwens kapab kite kesyon komès la pou antre sou tèren pèsonèl. Lè konsa anpil pawòl piman bouk konn tonbe douvan dèyè.

« Pafwa se pa fòt nou. M ap pran egzanp mwen menm ki konn ap sot nan kè Petyonvil ak yon panye sou tèt mwen, m ap mache nan solèy cho a, swaf dlo, kò fè mal, machin ap fè bri nan tèt mwen epi lè kliyan rele m, li ba m yon vye pri. Lè m antre nan manman l m pa konnen », reyaksyon Elda, machann legim nan komin Petyonvil ki t ap souri lè n poze l kesyon sou fenomèn sa a. Li di sa konn dekouraje l, li menm ak anpil lòt madan Sara parèy li, sitou lè kliyan an fè yo mete atè epi li pa achte. « Wouch! W ap pike m ou p ap jwenn yon tak san », pawòl Elda.

Presyon ekonomik

Pou anpil ti machann, vann se pa sèlman yon aktivite komèsyal, se mwayen prensipal pou reponn ak bezwen fanmi yo. Transpò, manje, lekòl timoun, peye kay, renouvle estòk machandiz ak lòt depans depann sou sa yo rive vann. Gen ladan yo ki nan sòl al sabotay tou. Kliyan an, li menm, ap eseye fè yon bidjè limite pou l ka reponn ak plizyè bezwen. De (2) presyon sa yo rankontre devan menm pwodwi a: youn vle pwoteje benefis li, lòt la vle pwoteje pòch li.

Sou aspè sa a, travayè sosyal Stephen Delouis pataje avi li konsa: « fristrasyon ak kou lavi a mete ak lòt pwoblèm moun nan konn ap rakontre konn mete l nan sitiyasyon pou l toujou reyaji mal ak yon moun. Sitou lè l konn sa l gen pou l fè ak kòb li epi pou l wè jan kliyan an ap desann valè machandiz li ». Pou Delouis, sou yon ang sikolojik, joure se ekspresyon fristrasyon lakay moun sa yo. Sa rive sitou paske moun sa yo konn ap bat plizyè kilomèt wout pou al vann nan mache e lè konsa, sa konn rann yo enève lè moun ba yo move pri.

Men responsablite a pa chita sou yon sèl kategori. Gen machann ki konn reyaji brital lè yon kliyan mande pri san li pa achte, menm jan gen kliyan ki konn pale ak machann yo sou yon ton meprizan. Lè konsa, dezakò a konn tèlman ale lwen, aktè yo konn prèske mete men, tèlman tansyon an wo.

Genyen ki manyen pwodwi, kritike kalite yo oswa fè kòmantè ki ka parèt imilyan. Lè premye repons lan se agresivite, lòt moun nan souvan chwazi reponn menm jan an. Se konsa mo sal pral mete pye, vwa monte, foul moun rasanble epi sa w tande a, yon senp ti dezakò kapab pran yon lòt dimansyon.

Yon kesyon ki depase mache a

Fenomèn nan ka obsève nan plizyè lòt espas piblik: nan transpò an komen, nan estasyon, nan liy sèvis, devan magazen oswa nan lari. Lè moun ap viv anba estrès, prese, bri, chalè ak ensekirite ekonomik, tolerans devan kontraryete ka diminye. Nan yon analiz sikolojik, li ta enpòtan pou egzamine kijan fristrasyon ak estrès akimile kapab enfliyanse fason yon moun reyaji devan yon ti konfli. Se nan san sa a, travayè sosyal Stephen Delouis ta dwe gen yon travay an pwofondè ki fèt sou reyalite sa a pou konnen si l se yon faz nan tradisyon osinon kilti peyi a oubyen sa ta gen yon lyen ak edikasyon machann yo.

Se nan sans sa a, travayè sosyal la ale pi lwen pou di joure kliyan nan mache, sa konn parèt yon mwayen presyon tou pa bò kote machann yo pou pèmèt moun nan pa kontinye ba yo move pri. Li pa wè sa kòm yon pwoblèm pèsonèl paske anpil fwa, moun yo konn fin joure epi yon ti tan aprè, gen negosiyasyon epi moun k ap achte pran sa l bezwen an.

Sou plan sosyolojik, yon lòt kesyon poze: èske jouman ap vin twò nòmal nan fason nou regle dezakò? Lè yon kominote abitye tande moun sèvi ak imilyasyon, menas oswa mo sal pou defann pozisyon yo, pratik sa yo ka fini pa parèt kòm yon bagay òdinè. Sou fenomèn sa a, n ap raple gwo travay lodyansè ayisyen Maurice Sixto te fè nan youn nan pyès li yo ki rele « Machann poul la ». Donk, nou ta ka di di betiz nan mache antre nan sosyoloji nasyon ayisyèn nan.

Konsekans yo pa toujou fini lè machann nan ak kliyan an separe. Jouman piblik kapab imilye yon moun devan lòt moun, pwovoke revanj oswa mennen nan atak fizik. Li kontribye tou nan kreye yon anviwònman kote timoun ak jèn yo wè agresivite kòm yon fason nòmal pou fè tèt yo respekte.

Chanje reyalite sa a pa mande pou kliyan sispann negosye ni pou machann abandone dwa yo genyen pou fikse pri yo. Li mande pito yon lòt fòm kominikasyon: konnen di non san imilye, negosye san pwovoke epi kite yon tranzaksyon san pa bezwen gen jouman ladan l.

Nan yon peyi kote lavi chak jou deja pote anpil presyon, mache a pa oblije tounen yon lòt tèren afwontman ant kliyan ak machann. Machann bezwen kliyan, kliyan bezwen machann; dezakò sou pri pa ta dwe fè youn bliye lòt la se yon moun ki merite respè.

Share.