International

14 desizyon prezidan Trump pran aprè li fin enstale

San pèdi tan, jis apre li fin prete sèman kòm 47yèm Prezidan Etazini, Donald Trump pran yon seri desizyon estratejik ki gen pou wè ak pwomès li te fè pandan kanpay li. Men yon apèsi sou 14 nan gwo desizyon sa yo:

1. Obligasyon pou tout anplwaye tounen nan biwo

Administrasyon Trump lan mete fen nan teletravay pou anplwaye federal yo, yon sitiyasyon ki te vin prezan anpil depi aprè pandemi kowonaviris la. Rapò Ajans Fonksyon Piblik Federal la montre 50% anplwaye yo toujou pa retounen nan biwo yo. Avèk nouvo lòd sa a, tout fonksyonè oblije tounen travay nan espas fizik yo.

2. Kanpe ak anplwaye nouvo moun

Eksepte pou Lame a ak ajans k ap fè respekte lwa imigrasyon yo, lòt ajans federal yo dwe sispann anboche moun. Elon Musk, ansanm ak yon gwoup konsiltan, gen 90 jou pou pwopoze yon plan ki pou diminye kantite fonksyonè nan sistèm gouvènman an.

3. Ofansiv kont imigrasyon ilegal

Trump deklare yon sitiyasyon ijans sou fwontyè Meksik la, kote Lame a ap ranfòse siveyans li. Li anonse arestasyon ak depòtasyon imedyat pou migran ilegal yo. Dwa pou mande azil ak prensip « droit du sol »(kote moun ki fèt nan peyi a otomatikman vin sitwayen Ameriken) pral remanyen.

4. Fen ak “militarizasyon” kont opozisyon politik

Trump akize administrasyon Biden nan kòmkwa li te sèvi ak fòs lòd yo kont opozan politik yo, sitou aprè epizòd kapitòl la. Li pwomèt pou mete fen nan sa li rele « pèsekisyon politik. »

5. Bese kou lavi a

Yon dekrè adopte pou limite depans administratif ki pa esansyèl yo, ankouraje travay, epi kontwole pri lwaye yo. Mezi sa yo vize diminye presyon ekonomik sou fanmi ameriken yo.

6. Gras pou patizan ki te nan 6 janvye a

Plis pase 200 moun ki te patisipe nan atak sou kapitòl la jwenn gras, eksepte 14 moun ki te deja fin konplete santans yo. Trump di desizyon an vize korije yon « enjistis nasyonal » pandan li ankouraje rekonsilyasyon.

7. Remete Kiba sou lis peyi k ap soutni teworis

Trump vire do ak desizyon administrasyon Biden te pran pou retire Kiba sou lis nwa Etazini. Prezidan kiben an Miguel Díaz-Canel, di l regrèt desizyon sa, li di ki « ranfòse lagè ekonomik kont Kiba.»

8. Anilasyon Akò Pari a

Trump anonse retrè Etazini nan Akò Pari a sou chanjman klimatik. Li deklare : « Akò sa a pa nan enterè ekonomik Etazini ». Desizyon sa ap antre an aplikasyon nan yon lane.

9. TikTok  jwenn yon ti men leve

Aplikasyon TikTok resevwa yon lese pase pou 75 jou, pandan administrasyon an ap evalye si li reprezante yon menas sekirite pou Etazini.

10. Retire Etazini nan OMS

Trump anonse retrè Etazini nan Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), li akize òganizasyon an kòm yon « echèk » nan jere kriz sante mondyal yo. Li di Etazini kontribye plis pase li resevwa.

11. Sanksyon sou kolon Izrayelyen yo leve

Trump anile sanksyon Biden te enpoze sou kolon Izrayelyen yo ki ta komèt zak vyolans kont Palestinyen yo nan Cisjordanie kote yo okipe.

12. Definisyon sèks selon nesans

Administrasyon Trump lan di l rekonèt sèlman 2 sèks ki se gason ak fi, ki defini pa karakteristik biyolojik moun yo nan nesans. Desizyon sa retire tout rekonesans pou idantite transjan yo nan nivo federal.

13. Rekòmanse ak ekzekisyon pèn lanmò

Trump pase lòd pou ranfòse kapasite federal pou egzekite santans lanmò. Nan premye manda li, te gen 13 ekzekisyon ki te fèt.

14. Kanpe ak Pwogram “Biden” nan

Jan anpil moun te prevwa sa, Donald Trump kanpe pwogram imanitè ansyen prezidan Joe Bien nan ki te sible 4 peyi ki se Ayiti, Kiba, Venezyela ak Nikaragwa.

Geneviève Rose Murdith Joseph

About Author

You may also like

International Societé

Coup de tonnerre aux Etats-Unis, la Cour Suprême a révoqué le droit constitutionnel à l’avortement

Ce vendredi 24 juin, la cour suprême des États-Unis, a révoqué le droit constitutionnel à l’avortement au niveau national. Cette
International Sport

Ligue Europa Conférence : CSKA Sofia de Duckens Nazon qualifié pour le 3ème tour

Le CSKA Sofia s’est qualifié pour le troisième tour de la Conférence de la Ligue Europa en balayant Makedonija Gjorce