Justice

Vyòl, agresyon seksyèl, atouchman seksyèl, ki diferans?

Krim seksyèl gen plizyè fasèt epi rive souvan nan sosyete a. Agresyon seksyèl, vyòl anpil moun konnen sou non kadejak, atouchman seksyèl, se diferan enfraksyon ki konpoze krim ki gen rapò ak seksyalite. Redaksyon Ted Actu ap prezante nou ki diferans ki genyen ant divès enfraksyon sa yo epi ki pèn lalwa prevwa pou yo.

Kisa ki yon agresyon seksyèl?

Agresyon seksyèl se tout atent seksyèl ki fèt ak vyolans, kontrent, menas oubyen sipriz sou yon moun. Kontrent lan ka fizik oubyen moral.

Gen plizyè fòm agresyon seksyèl tankou atent seksyèl, atouchman seksyèl (nan tete, kuis, dèyè, vajen, peni), bo a karaktè seksyèl, mastibasyon, felasyon elatriye. Men fòm ki plis kouran se vyòl.

Diferan jès seksyèl sa yo depi yo fèt san konsantman lòt moun lan konsidere tankou agresyon seksyèl.

Agresyon seksyèl

Tout aktivite seksyèl ak yon minè se yon agresyon seksyèl paske minè a pa gen konsantman. Depi ou kouche ak yon minè menm si li dakò, li pa pote lòt non, se vyòl.

Sanksyon lalwa

Atik 278 kòd penal la fè konnen tout moun ki komèt yon krim vyòl oubyen koupab nenpòt lòt agresyon seksyèl konsome oubyen tante ak vyolans, menas, sipriz oubyen presyon sikolojik sou viktim lan ap jwenn pèn 10 lane travay fòse.

Atik 279 la soulinye si krim seksyèl la fèt sou yon minè ki pako gen 15 zan, agresè a ap kondane pou 15 zan travay fòse.

Lajistis kondane pou prizon a vi si agresè a gen otorite sou viktim lan

Si agresyon seksyèl la fèt sou yon minè, koupab la ap resevwa yon pèn 15 lane prizon ak travay fòse. Si se yon moun ki gen otorite sou minè a ki komèt vyòl la oubyen si se yon vyòl kolektif oubyen tou si viktim lan mouri apre zak vyòl la, pèn ki prevwa se prizon a vi ak travay fòse daprè atik 278, 279 ak 280 kòd penal ayisyen an.

Vyòl ant mari ak madanm

Lalwa peyi Dayiti prevwa posiblite pou gen vyòl ant mari ak madanm. Atik 294 pwojè nouvo kòd penal la presize tout zak penetrasyon seksyèl ki fèt san konsantman ak vyolans, kontrent, menas oubyen sipriz se yon vyòl nenpòt relasyon ki ta genyen ant viktim lan ak agresè li menm si se ta fanm ak mouche ki marye oubyen ki nan plasaj.

BJ

La Rédaction

About Author

You may also like

Justice Societé

Prison de Jérémie : 19 détenus jugés sur 474, miroir de la surpopulation carcérale

Sur un total de 474 personnes en situation d’incarceration à la prison civile de Jérémie, moins d’une vingtaine ont été
Justice Societé

Une vive tension a régné à Port-au-Prince suite à l’arrestation d’Ézechiel Alexandre

Des hommes lourdement armés ont semé la panique dans plusieurs rues de Port-au-Prince, ce lundi 27 juin, peu avant 3