André François Giroux, nouvel ambassadeur du Canada en Haïti
Se yon sijè sansib anpil moun toujou pè manyen, sitou lè sa konsène yon pwòch, yon zanmi osinon yon kòlèg travay. Se yon sitiyasyon ki kapab afekte relasyon sosyal konsène a epi li kapab fè l wont anpil si yon moun vin di l sa. Sijè sa ,se koze sant bouch yon moun.
Nan lang fransè, yo rele sa « mauvaise haleine » oubyen « halitose ». Se lè moun pran move lòdè kap soti nan bouch ou.
Sa ki pi rèd la, si sa ta rive w, ou pap janm pran lòdè a oumen m paske selil ki responsab pou w pran sant lan vin ensansib ak move lòdè a lè l fin abitye ak li. Se moun nan antouraj ou sèlman ki pou ta di w sa.
Moun pa sipoze pran sant bouch ou, sizoka sa rive, gen plizyè bagay ki kapab lakoz.
Anvan tou, se gen dwa yon bagay nòmal, pa ekzanp lè ou fenk leve nan dòmi, bouch la gen tandans bay ti sant, se nòmal paske nan lannwit, bouch ou fè anpil tan fèmen epi li pa fè aktivite, plen bakteri ki vin konsantre anndan bouch la epi degaje yon lòdè ki pa bon. Se pou sa li enpòtan pou w byen bwose dan w chak swa anvan w dòmi ak chak maten lè w leve.
Si ou sot manje yon manje ki gen lay, zonyon, aransò, pistach, anpil epis oswa piman li kapab kite move sant nan bouch ou pandan yon moman, espesyalis yo konseye w pou w rense bouch ou ak yon pwodwi yo rele « rince bouche » oubyen mache ak yon ti sirèt mant pou w souse sizoka sa ta rive.
Moun ki bwè anpil alkòl epi ki fimen anpil, kapab devlope ti lòdè ki pa bon nan bouch yo tou, pi bon solisyon an nan ka sa, se ta sispann bwè ak fimen. Gen lòt ka kote sant bouch yon moun ka rezilta yon bagay anòmal kap pase nan kò l.
Prensipal koz la se kapab yon move lijyèn bouch, sa vle di moun sa pa pran swen bouch li ak dan li jan sa dwe fèt. Pa ekzanp yon moun ki pa bwose dan li, ki gen kari oswa ki gen pwoblèm nan jansiv, solisyon an pa lòt se al kay yon doktè dan ki pou detèmine kisa pwoblèm lan ye epi ede w rezoud li.
Sizoka se pa ta yon pwoblèm nan bouch ou men ou toujou gen move lòdè kap degaje, se kapab yon pwoblèm dijestif ou genyen, pa ekzanp moun ki gen pwoblèm asidite nan lestomak, li konseye pou w pase wè doktè ka p trete w la oubyen mande l refere w yon espesyalis nan domèn nan.
Kèkfwa li kapab gen rapò ak yon pwoblèm respiratwa tankou pa ekzanp maladi « sinizit », alòs pa sezi si yo ta refere w kay yon doktè ORL.
Moun pa sipoze pran sant bouch ou, pou sa pa fèt, men kèk konsèy nou pote pou ou :
1) Toujou bwose dan w pou pi piti 2 fwa chak jou
2) Itilize fil dantè
3) Vizite dantis ou regilyèman
4) Evite fimen oswa bwè twòp alkòl
5) Itilize « rince bouche»
6) Bwè anpil dlo pandan yon jounen (6 ak 8 vè dlo chak jou)
7) Si w sot manje yon bagay ki ka kite yon vye sant nan bouch ou, bwè yon ti ji sitwon, manje oubyen kraze yon ti fèy pèsi anba dan w
8) Evite manje bagay ki cho
Nan ka yon moun ki gen plizyè dan ki pouri oubyen li gen yon pwoblèm grav, lap difisil anpil pou move lòdè nan bouch li disparèt.
Sant bouch yon moun pa yon fatalite li plis yon pwoblèm ki anpil fwa kapab trete. Si w gen yon moun nan antouraj ou ki gen pwoblèm sa, ou ka pale avèl ak sajès san ou pa bezwen vekse l, paske pa bliye moun nan pap JANM pran sant bouch li poukont li si yon moun pa di l sa.