Humanitarian Parole : environ 20 policiers ont déjà quitté le pays
« Ti listwa », sou platfòm enfòmasyon anliy Ted’Actu, se yon ribrik ki pote pou ou yon tranch listwa epi tou kèk konesans sou yon seri evenman ki pa t twò rapòte oubyen yo pa t bay twòp enpòtans.
Jodia nan ribrik « Ti listwa », n ap kanpe pèsonaj sa ki se kasik Henri.
Kasik Henri, dapre istoryen Émile Nau nan ouvraj li ki pote non « l’histoire des caciques d’Haïti », te yon tayino, ki te revòlte kont espanyòl yo soti lane 1519 pou rive 1533. Nan lang tayino a, tèm kasik la vle di « chèf yon tribi ».
Depi li te tou piti, toujou daprè Emile Nau, Henri te frape ak lanmò tout fanmi li. Selon kèk lòt istoryen, yo te sasinen fanmi Henri pandan yo t ap asiste yon seri chita pale pou lapè ak espanyòl yo, kote 80 lòt chèf rejyonal te prezan, anba direktiv rèn Anacaona nan kasika Xaragua.
Pandan chita pale sa yo t ap dewoule, espanyòl yo mete dife nan kay kote chita pale pou lapè sa yo t ap fèt la. Yo te masakre tout moun ki t ap tante chape poul yo anba gwo dife yo.
Se yon monastè nan Santo domengo ki leve Henri ki te tou piti epòk sa a. Youn nan gwo potorik gason monastè sa a te gen ladan l se te Monsenyè Bartolomé de Las Casas.
Las Casas ki te pran pitye pou endyen yo, te denonse move tretman sa yo epi fè presyon sou gouvènman espanyòl la pou diminye sou sa yo te konn ap fè endyen yo pase.
Nan lane 1519, kolon Valenzuela, te eritye de papa li yon lo endyen nan peyi Hispaniola, pami yo Henri. Kidonk, li te vin mèt Henri. Henri ki te bouke ak kalite move tretman endyen yo t ap sibi anba men kolon blan espanyòl yo, te leve kanpe epi pwoteste kont abi sa yo. Li te oze reziste anba atak mèt li ki te gen anpil pwoblèm ak li. Konpayèl li yo te deside rele l Kasik Henri pou jan l te brav.
Kasik Henri te kouri al kache nan mòn Bahoruco, kote Valenzuela te rapousuiv li. Apre kèk tan, kasik Henri te di sa se twop atò : « gade jis kote mwen monte vin kache pou Valenzuela vin dèyè m ».
Se konsa, li tann yon pyèj pou ansyen mèt li epi li pran l ladan l. Malgre Kasik Henri te fache anpil, malgre li pa t gen anpil zam ak minisyon, li rive tann yon pyèj epi kaptire Valenzuela. Sepandan, li pa t touye l, li te kite l ale ak pawòl sa yo : « di Bondye mèsi dèske m kite w an vi epi pa janm retounen dèyè nou isit la ankò ».
Kasik Henri pase antou 14 lane ap kenbe tèt ak espanyòl yo avèk anpil bravou ak diyite. Espanyòl yo ki pa t kapab kontwole rebelyon an, rive siyen yon trete avèk endyen yo pou ba yo libète ak dwa pwopriyete. Sepandan, trete sa a pa t janm aplike, ale wè pou li ta respekte.
Nan lane 1533, peyi Lespay voye yon sèten Barrio Nuevo nan koloni an ak tit Jeneral. Li debake Hispaniola ak yon lame tèt chaje ki te gen pou misyon etenn dife ki nan kò Henri a k ap fè l leve kanpe toutan an.
Lespay te pwopoze Henri pou mete lwa moudong ki nan tèt li k ap fè l kare ak espanyòl yo atè, epi pou li viv pou kont li ak konpayèl li yo. Henri reziye l siyen yon trete lapè ak espanyòl yo ,sa ki ta pral pèmèt li viv nan lapè ak kanmarad li yo. Kasik Henri te siyen nan sans sa a premye akò ofisyèl sou zile a ant 2 pèp.
Pou yon pati istoryen, sitou sa ki nan Repiblik Dominikèn yo, kasik Henri ak « Guarocuya » se menm moun nan (Yo rele l Enriquillo nan lang panyòl la), se sa k fè yo rapòte espanyòl yo te rive kaptire li epi se gouvènè espanyòl la, Nicolás de Ovando ki te fè pann li. Men dapre istoryen Émile Nau, kasik Henri mouri nan laj granmoun.
Gen yon Lak ki nan Repiblik Dominikèn ki pote non panyòl kasik la jiska prezan, ki se lak Enriquillo, yon fason pou rann li omaj pou sa li te reprezante nan listwa dominiken yo.
Avèk kout men Nappoléon Ninger ak Jeff Mackenley Garcon.