Augmentation en Haïti des cas d’homicides et de kidnapping selon le BINUH
Li pa yon sekrè pou pèsonn, anpil jèn fi itilize divès pwodui pou yo jete pitit lè yo fè fas ak gwosès san yo pa t prepare (grossesse non désirée). Nan sans sa, majorite nan yo itilize yon konprime ki rele « Cytotec ». Si temwanyaj yo fè kwè li bay rezilta, poutan li pa fèt pou sa epi li gen gwo konsekans sou sante medam ki itilize l pou sa.
Redaksyon Ted’Actu te fè yon ti lapawoli ak Exama Jean Rodrigue Junior, medsen rezidan nan sèvis sosyal, sou sijè sa.
Pran sitotèk (Cytotec) pou jete pitit kite anpil sekèl lakay medam yo. Li ka gen anpil konsekans sou sante fi a, selon Doktè Exama.
« Sekèl yo anpil tankou gwo doulè, vomisman, emoraji (pèdi anpil san). Li gen konsekans sou matris yo. Li lakoz gwo enfeksyon jeneralize sitou si avòtman pa rive fèt nèt. Epi nan yon nivo ki pi egzajere, avòtman gen risk lanmò sitou pa mwayen klandesten sa yo », se sa Medsen rezidan nan sèvis sosyal la revele nou.
Nan yon nivo ekstrèm , sitotèk pwovoke gwo emoraji ki ka rive fè fi a tonbe an chòk, enfeksyon li bay pa piti, li ka alabaz ripti matris tou ak lòt ankò, toujou selon jèn medsen an.
Itilizasyon sitotèk ka pwovoke lanmò
Si gen moun ki pran plezi yo itilize Cytotec pou jete pitit (avòtman), li pa ta dwe konsa paske aksyon sa a ka debouche sou lanmò.
« Si avòtman an echwe gen posibilite pou fi a mouri, konsa tou gwo emoraji ak grav enfeksyon (septisemi) ka touye li tou », selon Doktè Exama.
Nou te mande Doktè a ki konpòtman yon fi k ap li atik sa epi ki abitye itilize konprime sa ta dwe genyen, « Lojikman fi a pa dwe rive nan estad al pran konprime a menm, prefere li konsilte yon medsen avan. Pa pran pyès medikaman san òdonans. Pa poze pyès aksyon medikal san otorizasyon yon pèsonèl medikal la », se sa pwofesyonèl la reponn.
Pi lwen, li di nou : « premye bagay la depi fi a rive nan avòtman san konsilte medsen se pat yon gwosès dezire, kòm nou menm nou aksantye sou medsin prevantiv sou rezo a, n ap konseye medam sa yo itilize teknik ki ka ede yo evite rive nan estad sa. Teknik sa yo se itilize kapòt, kontwole sik manstriyèl yo byen epi nan yon nivo pi asire epi estab, fè yon metòd kontrasepsyon (planinn) selon kò yo, dezi yo ak tan yo vle a ».
Sitotèk fèt pou yon maladi byen espesifik
Laboratwa ki fè konprime sitotèk la pat fè l pou kesyon jete pitit (avòtman). Nòmalman, selon Doktè Exama, se yon konprime ki itilize nan ka « ilsè estoma ak diyodenal ». Li itilize tou nan ka pwoblèm estoma kèk medikaman bay tankou medikaman ki rele AINS yo.
Rezon ki pouse medam nan kominote ayisyèn nan itilize konprime sa pou jete pitit anpil. Yo jwenn anpil moun temwanye se li yo toujou pran epi pale byen de li. Konsa tou, majorite moun ki pran l yo swa yo paka ale lopital pou mwayen oubyen yo poko majè. Yon lòt kote, genyen ki jis pè pou pawòl yo pa pale donk yo deside okipe yo de zafè yo pou kò yo.
Al wè medsen dwe pi gwo rekou a
Nan travay ankèt nou an, nou jwenn temwanyaj kote jèn yo itilize anpil mwayen pou yo jete pitit tankou : byè ak poud sigarèt, bouyi pèsi tou fre, bwè konprime Filaryoz, Cytotec elatriye.
Doktè a klè sou sa, avòtman pa dwe yon opsyon.
« Se pa sèl Sitotèk (Cytotec) la pou fi pa pran pou avòtman, menm si se yon zak ki ilegal, men nou toujou konseye fi konsilte yon moun ki nan domèn medikal pou yon gwo zak konsa pou asire li fèt byen epi gen akonpayman disponib pou kèlkeswa konsekans sa ta pote a », selon jèn medsen sa ki trè aktif sou rezo yo, sitou Twitè.
Anpil fi rale divès rezon ki fè yo pa al wè medsen lè yo fè fas ak gwosès prematire, men yo pito fè tout pwosesis avòtman yo pou kont yo. Selon Doktè Exama, depi w di domèn medikal ou di etik epi etik la mande konfidansyalite total. Nan sans sa, se medsen an ak malad la sèlman sa konsène depi li majè, se sa l di sou ka kote fi yo di yo pa al wè medsen se pou moun pa konn afè yo.
Men Doktè Exama presize fòk fi a majè pou l ka al wè medsen jan l vle. « Nan ka kote li pa majè, li ta sipoze akonpanye de yon moun ki majè ki responsab li. Depi ou pa majè, gen desizyon medikal ou paka pran pou kont ou », dapre sa li eksplike.
Souvan se pou rezon sa anpil fi oblije gen rekou ak anpil lòt metòd, paske nan laj sa, yo p ap ka anonse paran yo sa.
Doktè Exama dekonseye, ak tout fòs li, jèn fi kap pran tout kalte sibtans pou jete pitit. Li di yo : « sonje lopital la pou kèlkeswa sa ou genyen. Lopital pa la pou jije chwa ou, se pwoblèm lan ki enterese nou. Toujou ale lopital kèlkeswa pwoblèm nan ».
Exama Jean Rodrigue Junior se medsen rezidan nan sosyal epi li se responsab platfòm ki rele « Sante Anba Tonèl ». Yon platfòm ki sou tout rezo sosyal yo ki ap fè medsin prevantiv, pote konsèy epi demistifye tout sijè tabou yo.