23 ans depuis son assassinat, toujours pas de justice pour la famille de Jean Dominique
Òganizasyon CRICASTRO lanse lendi 20 Mas 2023 a, katriyèm edisyon Festival Rezistans. Tèm ki kenbe ane sa a pou Festival la se « Agoch pou n ale » , daprè òganizatè yo, tèm sila a tradui yon pozisyon politik ak ideyolojik an favè klas defavorize yo.
CRICASTRO chwazi ane sa a atis Kebert Bastien (KEB),pou envite donè festival Rezistans lan, kote sòti 20 pou rive 24 Mas 2023 piblik la ap gen posibilite suiv yon latriye aktivite tankou kozri, konferans-deba, konsè , atelye Rap ak pwezi pou n site sa yo sèlman.
Soti 20 pou rive 24 Mas 2023, òganizasyon CRICASTRO klase randevou ak piblik la pou dewoulman festival Rezistans nan Pòtoprens. Lansman festival la te fèt ayè lendi a nan lokal Alvarez Resto Club.
Pandan konferans lansman an, òganizatè yo te mete aksan sou nati festival la ki se yon « festival lagoch », sa vle di yon festival ki pral poze pwoblèm inegalite sosyal, ekonomik sosyete ayisyèn nan epi ki pral remete an kesyon modèl leta sa a epi yon lòt bò fè yon rale sou ansanm aktivite ki pwograme pandan Festival la.
Pou premye jounen Festival la, piblik la te gen opòtinite asiste de (2) konsè. Pou premye a ki fèt nan restoran Alvarez, se atis Herby Francois ki te gen ak li Rebecca epi tanbourinè Batala ki te kreye yon bèl anbyans nan espas la. Piblik la te non sèlman apresye kalite pèfòmans Batala te bay sou tanbou a men tou te patisipe nan ede Herby François chante pawòl youn nan mizik ki te chofe sal la :
Jou chen peyi konn li
Chen peyi ap met palto
L ap aprann lagramè fransèz
L ap fè lwa , ekri konstitisyon
Gonayiv pa gen papye
Madan Youri achte l lajan kontan
Nan vann vyann pa gen benefis
Nan pwen kòd sivil pou mare Leta
Blan pote eleksyon
Eleksyon pote blan
Jounen an te rapousib nan Fakilte Dwa ak Syans ekonomik , fwa sa a se atis Malaba Pitit Plim, ki te akonpaye ak Alucia Alonvin ki t ap jwe Vyolon epi Atchasou ki se tanbourinè, te mennen piblik la byen lwen nan yon seri tèks kote atis la t ap jongle avèk anpil imou pou depenn yon seri reyalite sosyal ak ekonomik peyi a ap konfwonte epi te tou pwofite fè revandikasyon popilè a pase nan pawòl li yo.
Jean gardy Clervil, yo plis konnen sou non « Pakamò », se direktè atistik Festival Rezistans.
Li esplike rezon ki fè yo chwazi tèm « Agoch pou n ale » a pou dewoulman 4yèm edisyon an, se yon mwayen pou sansibilize moun nan kad batay pou transfòmasyon radikal òganizasyon CRICASTRO ap mennen nan soosyete a. Ale agoch se ale kontre ekite, egalite ak jistis sosyal.
Direktè atistik la ki te deside pote plis detay sou festival la, fè konnen : « atant mwen, se wè Festival la ede yon maksimòm moun rive pran konsyans pou wè modèl leta sa a, pa anfavè majorite a, Li envite popilasyon an batay pou ranvèse sistèm nan paske pa gen sovè k ap vin fèl pou yo. Dapre li, se yo ki pou angaje nou »
Festival Rezistans ki dwe rapousib pou rive vandredi 24 Mas la chaje aktivite, pami aktivite kle ki dwe make katriyèm edisyon sa a nou ka souliye pwojeskyon fim , atelye pwezi ak Lyonel Trouillot, Konsè mizik ak Kebert Bastien (KEB), kozri sou kijan nou ka remanbre rapò youn ak lòt ak pwofesè Guy Menard epi Louis Bernard Henry.
Rapè D-Fi dwe anime yon atelye sou Rap ak angajman. Genyen tou espektak teyat ak ekspozisyon ki pwograme san bliye konferans deba ak Camille Chalmers epi Georges Eddy Lucien pou n site sa yo sèlman.
Nap note Festival Rezistans lan jwenn bourad ak solidarite manm CRICASTRO yo, epi te gen Yon kòlèk fon ki te reyalize sou aplikasyon « Mon Cash » la ki te pèmèt nenpòt moun kontribiye.
Gen kèk enstitisyon ki te bay bourad men veritab baz la se solidarite manm nan popilasyon an ak manm CRICASTRO.