Taekwondo : Ava Soon Lee remporte la médaille d’or du Président Cup
Si pou anpil moun, estrès, depresyon, twomatis ak tansyon sosyal se kèk pami pi gran koz ki fè gason pa gen andirans, gen anpil lòt faktè ki gen rapò ak pratik seksyèl la menm, tankou pòz medam yo konn abitye mande yo, jan yo defini sa k pral pase a nan panse yo anvan menm yo pase nan faz aksyon an, ki kapab fè yon gason swa pa dire pandan l ap fè bagay, oswa gentan voye anvan menm li kòmanse. Malerezman,anpil nan nou pa twò souvan pale de faktè sa yo.
Menm jan ak yon fanm, ki dwe toujou chache konnen kijan ògàn plezi l fonksyone, ki kapab swa vajinal, se Fanm ki jwenn plis plezi lè yon gason penetre l nan bouboun li, lè lap fè bagay, oswa klitoridyèn, se fanm ki jwenn plis satisfaksyon lè gason an an fwote aparèy jenital li (zozo l) sou klitoris (krèk) pa li. Sa ki konn fè, gen anpil fanm ki pa janm ka voye lè y ap fè bagay, se paske yo pa byen metrize aspè sa oubyen yo pa vle pale sa ak patnè yo.
Se menm jan li ye tou pou gason, men sèl diferans lan, estimilans seksyèl mesye yo plis gen pou wè ak pozisyon patnè yo pran nan rapò seksyèl la epi jemisman yo fè tou. Gen anpil gason ki gen preferans pou : bakchat, pan kabann, misyonè, poul boure elt… konsa tou genyen ki jwenn plis plezi lè se fanm nan ki ap fè aksyon sou yo pandan yo rete ap jwi de plezi a.
Nan yon rapò seksyèl, si toutfwa yon gason ta genyen pou objektif fè anpil tan ap jwi epi an menm tan fè patnè seksyèl la jwi de moman tou, premye reflèks la pa ta dwe al mande patnè a pran yon pozisyon ki kapab ogmante fantas oubyen ogmante dopamin li ki se òmón ki jere sa ki gen rapò ak seksyalite, plezi. Li toujou pi bon lè gen yon bon kominikasyon ant 2 patnè yo sou fason yo vle fè bagay la, tankou gen kèk tip jemisman yon patnè seksyèl ka genyen, anpil fwa se medam yo, sa ka rann gason an vin pi estimile epi fèl voye rapid.
Yon lòt kote, gen anpil gason ki pran malen plezi pou prepare sikolojikamn yon rapò seksyèl kote yo detèmine metodikman kisa k pral fèt nan moman aksyon an, otomatikan yon gason ap fè sa, li deja mete tout ògàn ak òmón seksyèl yo an aktivite.
Ògas, librifikasyon, ereksyon, fantas ak dezi, tout fonskyon seksyèl sa yo jwenn lòd sistèm nève santral la pou yo fonskyone, a chak fwa yon gason ap fè sistèm nève l travay sou yon zak seksyèl li pral poze, tout ògán sa yo gentan pare pou tann aksyon an, otomatikman aksyon an kòmanse, ògàn ak òmón seksyèl yo ap oblije sede, ki vle di moun nan ap ejakile rapid paske preparasyon an te deja fèt pou sa.
Li toujou pi bon pou 2 moun ki konn abitye oubyen ki pral nan yon rapò seksyèl pou premye fwa, toujou kominike sou kesyon seksyalite, lap pèmèt youn konn lòt byen, evite desepsyon ak kòlè. Tout gason k ap fè bagay toujou atann yo ak satisfaksyon, men pou sa fèt fòk gen bon jan preparasyon ki pa gen okenn rapò ak konsomasyon remèd pou andirans oubyen pase pwodui tankou sòs pwa sou ògàn jenital (zozo) yo , epi fòk sikolojikaman mesye yo kapab jere tèt yo.