« La note du MJSP sur l’autodéfense des citoyens est irresponsable » selon Me Amendo Alexis
Depi plizyè lane, pèsòn pa aksepte resevwa ti pyès goud la ankò. Yo refize l, inyore l, neglije l, abandone l tankou li pa reprezante anyen ditou. Pyès goud la tèlman pèdi valè l, sanble li ilegal pou moun sèvi ak li pou jan Ayisyen pa danse kole ak ti monnen sa. Yo pa aksepte li akoz difikilte ki genyen pou ta reyitilize li. Pyès goud la ap mouri piti piti epi sanble pa gen anyen kap fèt pou sove pi piti pyès monnen ki te genyen sou mache nasyonal la.
Monnen nan tout ekonomi jwi kèk eleman enpòtan pou l ekziste tankou konfyans ajan ekonomik yo. Kidonk, chak moun dwe lib pou itilize san okenn enkyetid lajan kap sikile yo kòmsadwa.
Men, depi kèk tan, pyès goud la viktim yon politik diskriminatwa grav. Li vin tounen yon sous diskisyon nan mitan diferan ajan ekonomik yo.
Menm jan ak pyès monnen 50 santim lan, pyès goud la sou wout disparèt nan ekonomi ayisyèn lan. Jounen jodya, nan kapital la oubyen nan vil pwovens yo, anpil antrepriz pa aksepte resevwa pyès monnen sila. Responsab yo fè konnen yo pa p ka reyitilize pyès goud la pou re-achte machandiz nan gwo magazen yo.
Poutan, goud la se jiska jodya pi piti pyès monnen nan kad echanj komèsyal nan ekonomi ayisyèn lan. Epi Bank Santral pa sispann fabrike yo menm si tout moun deside pa itilize yo ankò.
Ti komèsan, machann dlo, pwopriyetè boutik, chofè transpò piblik elatriye tout kategori koupe fache ak ti monnen goud la.
Toutfwa, ti pyès monnen sa yo toujou itilize nan makèt, gwo Kenkayri ak bank komèsyal yo. Menm si, jeneralman kliyan yo eksprime dezakò yo pou resevwa nan grate tèt, ti pyès goud la.
Kèk responsab antrepriz rive menm pase lòd ak anplwaye yo pou pa resevwa pyès goud nan men okenn kliyan sou okenn baz. Sitiyasyon an touche plizyè sektè nan lavi nasyonal la tankou transpò piblik. Si ou ta vle leve yon chofè kamyonèt sou nich li, eseye lonje kèk pyès goud ba li poul touche. Si l ta sou move joul se sa li bliye li pa p di w.
Sa ki pi grav la, fas ak pyès goud la kap deteryore nan ekonomi an, otorite yo pa adopte okenn mezi pou rezoud pwoblèm ki lye ak itilizasyon monnen goud la. Alòske, fabrikasyon ti pyès goud la koute gwo lajan ak leta ayisyen. Pou sèlman fabrike yon sèl, Bank Repiblik Dayiti depanse 3.60 goud, dapre ekonomis Enomy Germain.
Kesyon an rete, kisa Bank Santral konte fè fas ak disparisyon evantyèl pyès goud la apre pyès santim yo ki pa ekziste sou mache a ankò.