Ekspresyon langèt manman an fè pati jagon kreyòl ayisyen an. Tout ayisyen konnen l, itilize l, jwe avè l. Gen moun menm, yon minit pa p pase pou li pa di w langèt manman w. Gen lòt moun, se yon jwèt li ye pou yo, yo lage li tout lasent jounen. Men ki kote langèt manman soti ? nan ki kontèks li pran orijin li ?
Gen 2 teyori kap toke kòn sou orijin ekspresyon langèt manman
Yon pati moun di « Kolangèt manman w » se yon fraz ki pèmèt lonje dwèt sou pati seksyèl yon fanm-manman. Kidonk, « Kolangèt manman ou » = « Kou langèt manman ou! » ki ta fè referans ak klitoris manman an.
Gen Yon lòt pati moun ki fè konnen « Kolangèt manman w » se te yon gwo menas, yon tèrib avètisman alepòk kote blan esklavajis t ap fè plizyè milyon gason, fanm (Afriken) pase mizè anba yon sistèm teworis. Kolangèt manman w » = « KOLON ‘guette’ manman ou». (Mo « Guette » la, nan lang fransè, gen sans « gen je sou », « gen ladapdap », « ap veye pou li pran »…).
Epòk kolonyal la gen gwo enpak sou politik, ekonomi ak sosyal nasyon ayisyèn lan. Li kite tras nou jwenn jouk jounen jodya nan vokabilè ayisyen an. Ekspresyon langèt manman te konn itilize depi nan tan kolonizasyon an.
Kolangèt manman w, gèt manman w, langyèt manman w, ekpresyon sa jwenn orijin li nan fraz fransè , « colon guette ta mère ».
Nan tan kolonyal la, kolon yo te konn bat, maltrete, touye, imilye, vyole esklav yo kidonk pou premye teyori a, kolangèt manman se ta pou joure kolon an sou pati entim manman l nan sans sa itilizasyon an se te « kou langèt manman w » ki fè alizyon ak klitoris manman kolon blan an.
Pou yon dezyèm konsiderasyon, kolangèt manman vle di « kolon al siveye manman w ». Nan sans premye ekpresyon kolangèt manman li pat vle di yon jouman. Se pat pou joure esklav yo te konn itilize l.
Youn nan aspè istorik ak sosyolojik ekpresyon kolangèt manman pat gen objektif pou blese oubyen deranje yon moun. Dapre istoryen Moreau de Saint Rémy, ekpresyon an te yon fòm avètisman yon esklav ak yon lòt. Nan sans « atansyon men kolon an ap veye manmanw pou plimenl oubyen pou vyolel ».
Nan sans premye li, guetter en fransè vle di obsève an kachèt, siveye pou siprann, devizaje elatriye. Toutfwa, pou kèk sosyològ ki tap analize epòk kolonyal la atribiye yon kote blesan nan ekspresyon an.
Kolon fanm yo te konn itilize esklav yo pou satisfè dezi seksyèl yo. Esklav nèg yo te gen repitasyon viril anpil, epi te gen bon bann ak anpil andirans. Kidonk medam kolon yo te pran plezi itilize mesye esklav yo kòm objè seksyèl.
Pou esklav la ka antre nan santiman oubyen joure kolon blan, li di l kolon gèt manmanw nan lide pou l di kolon al siveye manman w, al gad travay manman w, pèlen an.
Pou anpil moun, se youn nan eskpresyon ki plis itilize nan peyi Dayiti, se yon slogan ki nan tout diskisyon, monte tout tab, nan tout asanble. Yon sèl fwa yon timoun tandel sifi pou l tou kapte l.
Ayisyen itilize l pou eksprime lajwa, kontantman ak anpil emosyon
Pou anpil moun gèt manman pa yon jouman ankò tèlman yo fin abitye ak li se tankou se te siyati tout ayisyen. Ekspresyon an jounen jodya gen plizyè varyasyon. Li pase nan gètmanman w tonbe nan gyèt manman w pou rive nan kolangyèt manman w. Gen moun ki menm defòme ti ekspresyon an jiskaske li tounen z*k*k*langyèt manman w. Si Manman w poko diw langyèt manman w, ou poko janm konn anyen.