L’IGPNH vise l’assainissement de l’institution par la mise en place d’un bureau de vérification
Si pou anpil moun, sèl mwayen pou yon moun atrape maladi chabon se lè l manje vyann yon bèt ki te deja kontamine ak maladi a, lasyans ale pi lwen pou montre gen plizyè lòt mwayen yon moun kapab enfekte epi devwale kèk konsekans grav maladi chabon an kapab genyen sou yon moun.
Maladi chabon ki gen non syantifik li antraks (Anthrax), se rezilta yon bakteri ki rele Basilis Antrasis (Bacilus Anthracis), maladi sa ki souvan enfekte zannimo peyizan nou yo renmen gade, tankou : kochon, kabrit, mouton, bèf, cheval, kapab itilize plizyè mwayen pou rantre sou moun.
Youn nan premye mwayen yo, se lè yon moun deside manje vyann yon bèt ki enfekte ak maladi a, bèt la kapab swa mouri pou kont li swa mèt li deside touyel.
Lòt mwayen nou pa vrèman konsidere, bakteri ki bay maladi chabon an konn ap flannen nan lè a, sitou nan anviwònman kote yo mete bèt ki deja enfekte ak maladi a, nenpòt moun k ap pase nan zòn sa riske enfekte tou lè l respire bakteri sa si toutfwa li pa gen oken mwayen pwoteksyon pou ògán respiratwa li.
Nenpòt moun kapab trape maladi chabon an tou si po l ta kole ak po oubyen vyann yon bèt ki deja enfekte, kidonk kontak po moun ak po bèt ki enfekte ak maladi chabon an danje anpil, sa vin montre nesesite ki genyen pou gen anpil mezi distans ak bèt yo ki deja enfekte oubyen itilize mwayen pwoteksyon lè n ap antre an kontak ak yo.
Maladi chabon kapab gen gwo konsekans sou sante moun ki trape l, tankou : Antraks kitane ( Anthrax cutané), se li menm ki plis repete daprè etid òganizayon mondyal sante, men li pa twò grav daprè OMS. Se lè po moun nan leve yon pakèt gwo bouton ki kapab transfòme an ilsè po.
Sa ki pi danje nan konsekans yo se sa ki rele antraks inale ( Anthrax Inhalé). Sentom yo kòmanse avèk ti grip, ti fyèv, tous, fatig, epi rapidman ki kapab chanje pou vin bay gwo difikilte pou respire. Si pa gen mezi medikal ki pran rapid, sa kapab touye moun nan.
Gen sa ki rele antraks gastwo-entestinal ( Anthrax Gastro-intestinales) se lè yon moun manje vyann ki kontamine ak maladi a, sa ka bay gwo doulè nan vant, vomisman dyare ak fyèv. Pwofesyonèl sante yo fè konnen si moun nan pa kouri a l wè yon doktè, li kapab pwovoke lanmò.
N ap raple, 24 jiyè pase a, Ministè sante piblik te soti yon nòt pou fè konnen gen kèk ka maladi sa yo ta dekouvri nan zòn tigwav. pou sa, Ministè a te mande popilasyon an : pa antre an kontak ak bèt ki mouri britsoukou, lave men yo souvan ak dlo epi savon sitou aprè yo fin antre an kontak ak bèt, kouri a l wè doktè si yo ta remake sentom ki lye ak maladi a, bay bèt yo vaksen elt…..
Kidonk, konsiy sa yo ap pèmèt nou pran bon jan prekosyon pou maladi sa pa antre sou nou, paske jan pwovèb la di l la “se mèt kò ki veye kò”.