Jhon Peter Fleronvil, membre du gang « kokorat san Ras », extradé vers les États-Unis

Chòv ka sanble yon dezavantaj pou anpil moun, men an reyalite li ka ofri yon seri benefis san w pa menm rann ou kont. Premyèman, li elimine enkyetid ou ka genyen pou w konnen si cheve w sal avan w sòti. Gen anpil lòt avantaj ki genyen lè w chòv, tankou :
Ekonomi tan
Lè w chòv, li senplifye antretyen tèt ou chak jou. Zafè pase anpil tan nan kwafè a fini. Yon senp razwa ak tondez pèmèt ou kenbe tèt la chòv san presyon. Fasilite antretyen sa pèmèt ou ekonomize anpil tan pa rapò ak si w t gen cheve nan tèt ou. Epi tou ou pa bezwen nan pèdi tan pase bwòs nan chevew avanw sòti. Tèt ou bon otomatikman pou w pran lari.
Lè l fè cho
Nan sezon ete oswa nan klima cho, chòv la gen gwo avantaj paske li pèmèt ou rete konfòtab. Akoz ou pa gen cheve nan tèt ou, lè a kapab sikile nòmalman nan tèt ou pou regle tanperati kòpòrèl ou.
Kontrèman ak yon moun ki gen cheve, gen plis posiblite pou cheve a fè moun lan santi plis chalè.
Aparans pwofesyonèl
Nan anpil anviwònman pwofesyonèl, yo wè nan yo. Moun ki gen tèt chòv, yon moun pwòp, pwofesyonèl e menm otoritè. Imaj serye sa kapab yon gwo avantaj pou moun sila si l ta nan domèn zafè, finans oubyen politik.
Estil diferan
Chòv bay yon opòtinite inik pou eksprime estil pèsonèl ou. Ak yon bab ki byen fèt, li enposib pou moun pa remake w. Jan adaj la di « nèg ak bab pa konn lèd ».
Chòv la konn kèk fwa plis mete bab la an valè epi amelyore imaj ou nan zye antouraj ou.
Akseptasyon
Aksepte totalman w chòv se yon prèv tou ou asepte w jan w ye a. Li montre yon konfyans nan tèt ak nan kò w. Li pèmèt ou montre yon atitid pozitif anvè aparans ou. Li kapab bay bon jan satisfaksyon pèsonèl.