Gen plizyè siy ki ka pèmèt yon moun konnen si li pral fè yon kriz oubyen yon atak kadyak. Lèw konnen siy sa yo, sa ka pèmèt ou konnen ki pi bon konpòtman pou w adopte lè w santi youn nan 7 siy sa yo epi evite yon arè kadyak (lanmò).
Evite miyò pase mande padon ! Kriz kadyak se youn nan koz anpil moun mouri britsoukou alòske yon senp jès te ka pèmèt yo evite lanmò. Gen kèk siy ki ka fasilite yon moun poze aksyon ki nesesè pou evite fè yon kriz kadyak.
Kò a voye plizyè sinyal avan menm kè a rete. Anpil fwa se lè kè a pa resevwa kantite san nòmal poul fonksyone ki konn abouti ak kriz la ki ka rive nenpòt lè. Si li pa epanye pèsòn, moun ki obèz, ki soufri maladi sik ak tansyon wo, plis riske pou fè yon kriz kadyak.
Men 7 pami sentom ki avèti yon kriz kadyak :
1) Doulè oubyen yon malèz nan kaj torasik la
Toraks oubyen kaj torasik la, se kote kè a sitiye li. Doulè nan zòn sa se youn nan siy ki plis kouran nan kriz kadyak. Li konn bay sansasyon yon presyon oubyen kè a kap sere, kap boulew oubyen kèk fwa ou ka santi kè a lou nan pwatrin ou. Doulè a ka dire kèk minit epi li ka ale vini plizyè fwa.
2) Doulè nan kou, lestomak ak nan bra
Sa ka rive ou santi yon doulè nan kou w, nan bra w sitou bra goch ou, nan do, nan machwè w oubyen menm nan lestomak ou. Doulè sa konn vini sou fòm pikotman.
3) Difikilte pou w respire
Gen difikilte pou respire ka yon siy yon kriz kadyak. Ou ka santi ou esoufle, kèw ap bat fò, se siy yon ensifizans kadyak ki ka debouche sou yon kriz kadyak. Nan ka sa li posib pou se kè a ki gen difikilte pou ponpe san ale nan poumon yo ak lòt ògàn yo.
4) Vomisman ak tèt vire
Vomisman ak vètij konn anonse kèk fwa yon kriz kadyak. Malèz sa yo konn pwodui akoz “nerf vague” ki responsab pou kondui san nan kè a ak aparèy digestif la ap mal fonksyone.
5) Swe anpil
Gwo transpirasyon, se youn nan siy ki ka pèmèt yon moun konnen si li pral fè yon kriz kadyak. Swe anpil san egzèsis fizik se yon siy detrès òganis lan voye fas ak sitiyasyon estrès. Se liberasyon adrenalin ki pwovoke malèz sa sitou omòn sa akselere rit kadyak la ak respirasyon an.
6) Gwo fatig
Gwo fatig, kò kraze sitou lakay medam yo ka yon siy avan kourè yon kriz kadyak. Li konn parèt anòmal epi akonpanye ak mank enèji, dòmi nan zye, feblès miskilè. Li posib pou se anemi kote gen yon fèb kantite globil wouj ki pote oksijèn nan san.
7) Palpitasyon
Yon rit kadyak inabityèl, tande oubyen santi kè a kap bat fò epi rapid ka yon siy ki anonse yon kriz kadyak. Li konn pwovoke yon twoub nan fonksyonman kè a, kote batman yo plis akselere pou rive nan yon arè kadyak.
Siveye 7 sentom sa yo se ogmante chans pou siviv anba kriz kadyak. Si ou santi youn oubyen plizyè nan sentom sa yo, pa fè tèt di, kontakte sekou prese prese oubyen si li posib, ale prese prese nan yon lopital ki tou pre a.