Le SPIH à nouveau opérationnel dans les Banques, annonce la BRH
Tout moun gen yon bagay ki fè yo byen, fè yo santi yo nan po yo epi genyen tou ki pa janm sispann chèche nouvo estil ki ka fè yo santi yo pi alèz. Mete tout kalite koulè nan cheve tankou jon, krèm, ble, mov, vèt, woz ak lòt ankò se yon pratik ki alamòd anpil nan peyi a, lakay jèn tankou granmoun. Chaje rezon ki dèyè chwa sa yo, ki, sepandan, pa san konsekans.
Majorite moun, fi kou gason, redaksyon Ted’Actu te poze kesyon sou sijè sa nan kad ankèt nou, te fè n konnen se jis pou lanmou yo mete koulè nan cheve yo. Konsa tou gen lòt ki gen pwòp rezon yo.
” Se vakans, mwen toujou jwe nan chanpyona. Chak ane mwen vini ak yon estil diferan. Ane sa se jòni tout cheve m”, deklarasyon Polo ki gen 26 lane. Fòk mwen di sa, lè w gen estil ou gen plis fanatik, medam yo plis kole sou ou. Anpil fi renmen m pou koulè m mete a, se sa Polo deklare.
Zokiki, ki se yon jèn demwazèl ki fè tatou epi gen plizyè pèsin, di li menm se paske l renmen chanje estil, li toujou ap chèche yon koulè, yon vayb ki diferan ki fè l gen yon koulè mov nan cheve l pou vakans sa.
” Se nan klèb m ap travay. Anpil nan espas sa yo egzije w pou yon fason ki ka kapte ak atire moun. Mwa pase yo mw te mete koulè krèm. Kounya m chanje l, mwen mete vèt pito, se sezon ete, koulè sa pi cho li pi adapte”, pawòl Christina, 20 lane, ki di l adapte ak yon seri pratik pa rapò ak travay li.
Jèn yo pa sèl kategori k ap chèche nouvote. “ Mwen pa granmoun, jis mwen gen 52 lane. Mete koulè nan tèt mwen se montre m pa vle tan ale kite m ”, deklarasyon Natacha ki gen cheve l koupe (modèl yo rele bòs mason an) epi ki mete yon koulè jon ki trè vif. Pafwa gen moun ki rele m granmoun dezòd, mwen pa okipe yo, se vi m mwen mennen l jan m santi m alèz. Menm 3 pitit mwen yo respekte chwa m, eksplikasyon dam sila ki se yo gwo machann manje.
*Gen fo cheve koulè tou *
Nan pratik sa moun yo, sitou medam yo, pa manke opsyon paske diferan endistri ki travay nan domèn cheve ap byen panse pou yo.
Si yon moun pa deside achte pwodui pou mete dirèk nan cheve l pou fè l chanje koulè a, gen alonj tout koulè yo voye pou yo trese cheve yo, tankou gwo koulè jon, ble ak vèt epi tou genyen wouj grena, woz, mov san bliye nwa ak mawon ki se koulè ki pi senp, plis moun itilize.
“Alonj koulè a pa anyen. Bon kounya yo voye grèf ak perik tout koulè tou. Ou ka jis achte plizyè diferan koulè, yo chak pou okazyon pa yo “, sa se eksplikasyon demwazèl ki rele Zokiki a, ki pwofite di n li renmen plezi epi chak moman vayb li gen koulè li chwazi pou yo.
*Gen konsekans nan mete koulè nan cheve *
Daprè rechèch nou fè, itilize koulè pou mete nan cheve gen plizyè konsekans negatif akoz sibstans chimik ki gen nan pwodui sa yo.
Selon kalite pwodui sila yo ak jan yo itilize yo, li ka gate cheve moun ki mete l yo. Souvan, fenomèn mete koulè nan cheve a, ki se kolorasyon, gen anpil pwodui chimik ki toksik ki ka bay gwo pwoblèm nan po tèt, bay alèji, gratèl, bouton, tèt vire ak tèt fè mal. Lè pwodui sa yo antre nan fib kapiyè ki pwoteje cheve a li kraze baryè pwoteksyon yo, sak vin rann cheve yo sèk ou pouri. Li pi grav pou moun ki gen cheve boukle yo.
Gen kolorasyon 100% natirèl, men sak pi itilize yo se sak gen gwo pousantaj sibstans chimik. Pou moun ki itilize kolorasyon chimik yo li konseye pou yo respekte tan ki rekòmande pou kite pwodui a pran an. Kite anviwon 2 mwa pase avan w itilize lòt koulè ou renouvle sak te genyen an deja. Lè y ap mete koulè ankò, pa mete nan tout tèt la nèt.
Anpil pwodui chimik ki patisipe nan fè kolorasyon yo konsidere tankou jan yo rele an Fransè :
Eau oxygénée (ou peroxyde),
Para-phenylenediamine (PPD),
Ammoniaque, Résorcine, Plomb, Parabène, Aminophenol ak Toluène kapab gen konsekans sou sante.
*Gen risk kansè nan tete tou *
An 2019, medya fransè TF1 te rapòte yon etid amerikèn ki fè kwè mete koulè nan cheve gen risk kansè nan tete ladan l pou medam ki adikte ak pratik sa.
Pou yo te tire konklizyon sa, chèchè yo nan International Journal of Cancer te analize enfòmasyon sou 45 000 Amerikèn nan laj 35 pou 74 lane. Ekspè yo te suiv yo pandan anviwon 8 lane e fè yo pataje eksperyans yo sou itilizasyon pwodui pou chanje koulè cheve.
Plis pase yon mwatye nan medam sa yo te avwe yo konn itilize pwodui pou fè kolorasyon. Nan mitan 45 000 fanm sa, 2 794 te rive soufri kansè nan tete. Chèchè yo te rive dekouvri fi ki itilize pwodui pou chanje koulè cheve yo gen plis chans pou devlope kansè pase fi ki pa mele nan pratik sa.
Jwenn mwayen pou anplifye bote ak lòt bagay ankò vin gwo preyokipasyon pou anpil moun dènye tan sa yo. Souvan nan chèche lòt koulè, bezwen lòt vayb, anpil moun bliye panse ak konsekans yo. Li enpòtan pou n presize li dekonseye pou fanm ansent fè kolorasyon cheve nan 3 premye mwa gwosès la.
Pou kesyon konsekans pwodui kolorasyon cheve yo genyen, nou te konsilte sit tankou : alexcruzel, biohair ak biocoiff.