Anplis divès pozisyon ki pa sispann envante nan kesyon fè bagay, chaje lòt pratik ki atire atansyon anpil moun. Pami pratik sa yo w ap jwenn fè ti bèf ou beze nwa (fellation), krèk ak bobori (cunillingus). De seri pratik ki gen gwo danje tankou trape maladi moun ka pran nan fè bagay (MST).
Pou evite trape MST yo tankou SIDA lè yap fè bagay anpil moun itilize kapòt, poutan se pa sèlman nan penetrasyon ki gen risk. Selon Doktè Kerry Norbrun ki te pale avèk nou sou sijè sa, gen posibilite pou n trape MST yo nan fè tibèf tou (sèks oral) si pa egzanp gen lezyon nan bouch moun k ap fè sèks oral epi ki antre an kontak ak sekresyon jenital moun ki enfekte a, lezyon sa sifi pou gen transmisyon. Nenpòt ti brèch ki genyen nan bouch pratikan yo ka fè kontak epi echanje maladi a, selon espesyalis la.
Nan eksplikasyon l, Doktè Kerry Norbrun di nou gen moun ki renmen mòde po bouch yo, e moun lan ka fin fè netwayaj nan bouch ak dan li ki kreye lezyon sa yo. Konsa tou, moun lan ka gen ti blese anndan bouch li, ak tout lòt sitiyasyon ki kreye yon brèch, ka mete an kontak sekresyon jenital moun ki enfekte a ak bouch moun k ap fè tibèf la (felasyon, kinilengis).
“Pi gwo risk nan kesyon sèks oral la se si moun nan enfekte pa yon jèm ki ka bay maladi nan fè bagay. Nou ka al pi lwen tankou gen yon viris yo rele HPV lè w an kontak ak viris sa ou ka gen kansè nan gòj”, toujou selon presizyon medsen an.
HPV a se yon viris onkojèn, ki responsab kansè kòl matris, kansè nan gòj, kansè anis, nou souvan trape nan fè sèks san pwoteje, toujou selon Doktè Kerry Norbrun, k ap jere paj “Care-ry” k ap ede sou rezo sosyal yo nan medsin prevantiv.
*Èpès jenital ak labyal *
Èpès jenital ak labyal se pami maladi moun riske pran nan fè bagay, sitou nan sèks oral. Se viris « herpes simplex » ki gen 2 tip. Tip 1 an ki manifeste nan rejyon bikal (bouch) epi tip 2 a ki manifeste nan rejyon jenital ki responsab yo.
Lè moun lan fenk enfekte pa tip 1 an ki se « HSV1 », nou jwenn anpil lakay timoun avan laj 5 an, souvan yo pa konn rezon an epi yo jwenn antikò kay 80% timoun kont « herpes simplex type 1 » an epi antikò kay 90% granmoun. Selon Kerry Norbrun, lè yo jwenn antikò lakay yon moun kont yon kò etranje sa vle di moun lan te an kontak avè l deja.
Se tip 2 a ki pi enkyetan. Tip 2 a (HSV2 primo-infection) nou jwenn li kay moun ki antre nan relasyon seksyèl san pwoteje avèk yon moun ki enfekte. Kòm premye siy li konn bay pil ti bouton (pouse èpetik). Nou dwe konnen viris la ap ret nan kò w pou lavi, lè sitiyasyon an pa bon pou li, li al kache nan gangliyon yo, lè okazyon an prezante li bay manifestasyon l yo menm kote li te pouse lè w te fenk trape l la, dapre eksplikasyon jèn medsen an.
Pou yon moun rive kontamine pa èpès jenital la fòk gen kontak avèk yon moun ki prezante pouse èpetik (pil ti bouton yo) swa lè n ap bo, nan felasyon oubyen nan rapò seksyèl (vajinal oswa anal)
Se kategori moun k ap fè sèks san pwoteksyon ki plis riske pou trape viris la. 75 % moun ki gen èpès jenital la pa bay okenn siy ak sentom. Li ka fè ant 2 a 7 jou san l pa manifeste aprè enfeksyon an. Nou ka trape viris la nan premye rapò seksyèl san pwoteje avèk yon moun ki prezante yon pouse èpetik.
Lè li kòmanse bay siy ak sentom, n ap wè ti grenn yo pouse sou gland lan (tèt peni an), nan prepis (ti po ki proteje peni an), nan vilv kay fi a (nan lèv yo) epi nan vajen l oubyen nan kòl matris la, li konn akonpanye de lafyèv, boul bò kwis ak lòt ankò, toujou selon eksplikasyon Doktè a.
Sentòm yo konn pi vyolan sitou kay fi an, li ka anfle vajen an avèk « vulve » (lèv yo, ti twou pou pipi an avèk pati ekstèn klitoris fi an) sa ki ka bay tou yon gwo doulè, kay gason an doulè nan ògàn jenital li, peni li ka pa twò entans menm jan ak kay fi a, daprè sa li ajoute.
Doktè Norbrun presise poko gen vaksen pou koze viris èpès la se pou sa li ankouraje tout moun pwoteje tèt yo lè yap fè bagay. Li konseye fanm ansent yo suiv medsen souvan epi evite bo ak moun nou wè ki prezante sentom pouse èpetik. Si w ta fè èpès epi ou santi l pèsiste oubyen ou santi l ap devlope fòm grav la, al wè doktè prese prese, konsèy doktè Kerry Norbrun.
Ki pi gwo pwoteksyon kont MST?
Maladi Seksyèlman Transmisib yo (MST) pa sispann bay kè sote, sitou SIDA ki se youn nan maladi sa yo anpil moun plis pè. Mete kapòt se youn nan opsyon pou pwoteje tèt ou menm si li pa konplètman sifizan.
” Pi gwo pwoteksyon an se fidelite. Batay pou n toujou gen yon sèl patnè seksyèl, konsa li p ap pote maladi deyò pou nou “, se sa Doktè Kerry Norbrun ajoute.
Yon lòt kote, jèn medsen an fè konnen kapòt rete youn nan mwayen ki genyen tou pou n pwoteje tèt nou. Nou ka menm fè moun lan mete kapòt nan moman nap fè felasyon pou li an , sa evite kontak dirèk ant bouch nou a pati jenital moun lan.
Kerry Norbrun se yon jèn medsen jeneralis ki kwè nan medsin prevantiv. Li etidye nan Inivèsite Notredam Ayiti. Li se responsab paj Care-ry sou rezo sosyal yo ki toujou ap fè piblikasyon pou aprann piblik la epi konseye yo nan domèn lasante.