“L’insécurité a un impact sur le travail du Centre Ambulancier National” selon Alain Lindor
Depi lansman pwogram Biden lan (Humanitarian Parole) nan kòmansman ane a, pwojè anpil moun an Ayiti varye. Anpil sitwayen, sitou jèn, abandone tout sa yo t ap regle ak espwa yo prale kay Tonton Sam. Toutfwa, nan règ sa genyen lòt ki chwazi fè eksepsyon.
Jan nou tout konnen e toujou ap di l, nou tout p ap ka kite peyi a. Nan kad pwogram sa yon bon kantite Ayisyen deja vole pou Etazini, yon gran kantite ap veye imèl (e-mail) malgre genyen ki sou plizyè mwa anyen pa janm tonbe. Nan travay ankèt sa a, nou te rankontre plizyè jèn pou yon rezon ou yon lòt ki deside rete nan peyi a jiska prezan, malgre sitiyasyon an depase difisil.
« Mwen pa renmen enpwovizasyon. Sensèman, si m ale kay Biden mwen pa wè sa m pral fè. Gen travay mwen tande Ayisyen ap fè lè yo rive nan tè etranjè, mwen p ap janm fè yo kay moun pou sa m prefere rete lakay mwen e m ap kontinye goumen ak lavi », sa se deklarasyon Sonson ki nan twazyèm ane Administrasyon Piblik nan INAGHEI.
Si jèn 27 lanne a pè pou l pa al kòmanse yon vi ensèten kay Tonton Sam, gen lòt jèn ki eksplike rezon ki fè yo pa ale plis konvenkant. « Lè pwogram lan lanse a mwen t ap jere kesyon egzamen pou m rantre ENST, depi Out mw t ap prepare. Pandan fanmiy mwen ap planifye ak paran m pou wè kòman y ap jere zafè aplike pou mwen, rezilta vin tonbe… mwen al pase entèvyou mwen bon. Nan ka sa mwen oblije fè yon chwa difisil kont volonte granmoun yo », se eksplikasyon Esther.
« Mwen di tèt mwen li pa nòmal e pa sanse pou m ta kite etid mwen, dayè mwen fenk kòmanse, pou m ta ale kay Biden. Deja, mwen poko menm gen yon bon bout papye nan men m, mwen vle di yon metye de pwa », se sa demwazèl 22 lanne a di nou, souri sou lèv li ak yon enèji ki pa lèse kwè li regrèt chwa sa.
Toutfwa, pi gwo enkyetid li pou etid sa se pwoblèm ki lye ak ensekirite ki gen nan peyi a. Li kòmanse retwouve l nan nouvo chapit sa nan vi l, nan avanti sa, men li pè pou vi l. Motive epi detèmine, li di l ap batay pou sa yo pa sèvi l obstak, pandan l espere sekirite ap retabli nan peyi a.
« Mw kwè si m la toujou se paske m di tèt mwen m ap degaje m. Gen kèk sousi ki pa twò sou do m », deklarasyon yon jèn jounalis ki admèt gen etap ou vle pran, ou oblije kite Ayiti akoz kondisyon sosyopolitik ak ekonomik yo enkyetan.
« Mwen la toujou paske m vle konstui yon bagay, mwen kwè m ka konstui yon bagay. Si m ta deside ale, l ap yon vwayaj planifye epi kote m ap rive a m ap gentan konn tout sa m pral fè, m ap prepare tèren m avan », dapre sa l ajoute.
Gen lòt ki rete san se pa pwòp chwa yo
Nan menm lo moun ki paka ale yo, gen plizyè istwa. « Mwen pa t ap gen pwoblèm pou m ale. Mwen gen 2 èks ak yon matant mwen ki t ap aplike pou mwen. Mwen oblije refize » , se sa Sandra deklare.
« Mwen atache ak fanmi mwen. Manman m malad, li an pwovens. Mwen gen 2 ti sè (17 ak 13 lanne) se sou responsabilite m yo ye. Mwen sansib pou yo, nan oken ka mwen p ap leve kite yo », se sa jèn antreprenè a rapousuiv pou l di.
Se preske menm reyalite an pou James. « Mwen gen yon lanne depi m marye, madanm mwen gen 2 mwa depi l akouche. Moun ki t ap aplike pou mwen an pat deside fè l pou mwen ak fanmi m, mwen te oblije refize men anvi ale te nan lespri m », konfidans jèn edikatè 32 lanne a. « Mwen gen yon ti biznis mwen apèn lanse tou. Mwen goumen anpil pou m fè l, mwen pa t ap ka kite l bay nenpòt moun jere l. Mwen soufri twòp pou m genyen l », dapre sa l di nou ak yon vwa k ap tranble, nou tout konnen ki tray yon pwofesè ap pase pou fè degouden nan sosyete a.
Gen yon gwoup ki paka ale paske yo pa apwouve
Pandan gen jèn ki fè chwa pou rete, gen yon lòt se aplikasyon yo ki pa pase ki fè yo la toujou. Sansasyon yo pa dous lè yo resevwa imèl ki di aplikasyon yo te fè pou yo a pa apwouve (Do not approval).
Guillaume gen 2 lanne depi l t ap viv Sen Domeng, li te oblije kite peyi a pou pwoblèm ensekirite. Aprè esponnsò l fin aplike (fill) pou li depi Fevriye, li te rantre nan peyi a. Deja, li t ap viv nan peyi vwazen ak yon viza ekspire.
« Mwen te mete tout espwa m sou pwogram lan, kòmansman mwa Jen mwen resevwa imèl ki di m pa apwouve, se sa li di nou ak yon vizaj tris melaje ak dekourajman. Kè m manke rete. Mwen fè 3 jou pa sòti deyò. Mwen bwè alkòl pa fòs », deklarasyon jèn 25 lanne a, ki poko janm aprann metye, men fanmi aletranje toujou ap ede.
Selon sa l di nou, li oblije rewè bagay yo. Nan sans sa, li pral nan kou petèt se Bondye k ap ba l leson. Imèl Joël rive jwenn li tou a 2è nan maten, domaj se sou « do not approval » li tonbe. Dapre li, se te yon gwo chòk e konsa tou yon gwo leson. « Mwen regrèt mwen te kite tout aktivite m akoz de Biden. Mwen te menm gentan vann anpil bagay mwen te genyen. Se pa grav se pa lavi ki fini », se sa agwonòm 30 lanne a di nou, pandan li pwofite konfye nou li pral an pwovens pou l al travay sou yon pwojè agwo-alimantè ki trè enpòtan pou li.
Jounen jodi a, rete an Ayiti se yon chwa difisil ki parèt trè fawouch. Men gen anpil jèn ki deside fè l, pandan yo konsyan risk y ap kouri chak jou. Si peyi yo te ka bay yo plis opòtinite ak sekirite, yon jou, yo menm tou, yo te ka pale de siksè san yo pa bezwen al pase tray kay moun.