« Ti listwa », sou platfòm enfòmasyon anliy Ted’Actu, se yon ribrik ki pote pou ou yon tranch listwa, men tou kèk konesans sou yon seri evenman ki pat twò rapòte oubyen yo pat bay twòp enpòtans.
Pou n kòmanse, nou sonje listwa rapòte nou endyen, Tayino ak Arawak, se te premye gwoup moun ki tap viv sou tè peyi Dayiti epi pèp sa yo te renmen deplase men yo te konn viv nan lapè.
Nan lang endyen yo te pale ki sete lang Tayino a, mo sa a te vle di « Bon moun », pou te distenge yo de lòt pèp nan Karayib la ki yo menm te konn manje moun.
Misyon ribrik ti listwa a se fè nou sonje kèk evenman istorik yo, men tou fè nou aprann kèk bagay yo pa rapòte nou, kèk bagay moun pa konnen.
Se pou sa n ap raple w mo « Tayino » a nou diw li, te vle di : « Bon Moun » .
Rechèch ki vin fèt montre popilasyon Tayino a, Kristòf Kolon te jwenn nan lane 1492 la te gen anviwon 10 mil moun konsa, yon estimasyon ki lwen de estimasyon istorik yo.
Aprè yon seri demach ak yon vwayaj ki long, Kristòf Kolon rive, 70 jou apre li kite pò Palos nan peyi Lespay, sou youn nan Zile Bahamas yo ki te rele Guanahani, li te bay pote non « Sen Sovè », pou remèsye le syèl pou valè peripesi, la toumant li te pase nan moman vwayaj sa a.
Daprè sa listwa rapòte toujou, Kristòf Kolon dekouvri Kiba 12 oktòb. Nan lannuit 5 pou leve 6 desanm toujou nan lane 1492 li parèt nan lakou peyi Dayiti, nan zòn Mòl Sen Nikola. Kristòf Kolon te ba l pote non sa a akoz nan demen maten 6 desanm se te fèt Sen Nikola.
Nap raple w se Kristòf kolon ki te vin enplante relijyon katolik la nan peyi a pandan li tap pran posesyon zile a ak yon jès senbolik kote li te plante yon kwa nan Mòl sen Nikola.
Nap raple w tou nan moman debakman sa a, zile a te divize an 5 wayòm yo te rele tou « kasika ». Sitwayen sa yo te gen yon moso nan peyi a ki te sou kont yo, ak yon seri richès yo chak nan fason pa yo.
Kasika zile yo, ki te rele, « cacicazgo » nan lang panyol se te 5 teritwa endepandan nan peyi a.
Limit chak kasika te byen defini, byen klè. Premye abitan zile yo te sèvi ak referans natirèl tankou gwo pye bwa, gwo tèt mòn, larivyè pou defini limit chak teritwa. Se sak fè endyen yo, pat janm gen dezakò sou kesyon espas teritwa chak kasika.
Chak kasika te divize an « Nitayinos », ki se te yon seri ti divizyon ke asistan kasik la tap dirije, sa te pèmèt kasik la gen kontwòl tout rejyon ki anba responsabilite li nan kasika li a.
Rechèch : Napoléon Ninger.